Kijan Ray mache
Ou rele, nou reponn, ou alèz! Ray mete moun ki bezwen yon sèvis an kontak ak moun ki toupre yo ki ka bay sèvis la. Nou dakò sou pri a ansanm, epi ou peye kach.
Louvri RayOu bezwen yon sèvis (Kliyan)
- Kreye kont ou ak nimewo telefòn ou ak yon modpas. Sere kòd rekiperasyon nou ba ou a byen: se li k ap pèmèt ou chanje modpas ou si w bliye l.
- Peze Kliyan, epi chwazi sa w bezwen: ijans medikal, randevou, komisyon, demenajman, kamyon dlo, kwafè, plonbye, elektrisyen…
- Di yo sa w bezwen, chwazi sèvis yo, epi bay Ri ak Zòn kote w ye a, ak kote w prale a.
- Founisè ki toupre w yo reponn ak yon pri. Ou wè a ki distans chak moun ye. Peze youn ladan yo pou w wè pwofil li: foto l, non konplè l, nòt li, sa lòt kliyan di sou li, ak veyikil li.
- Si moun nan konvni w, peze Pale ak li pou n diskite pri a nan chat la. Si l pa konvni w, peze Chwazi yon lòt. Lè nou dakò, peze Aksepte.
- Ou wè 3 etap sou ekran ou: li pati, li nan mwatye wout, li rive. W ap resevwa yon notifikasyon pou chak etap.
- Lè founisè a rive, ba li kòd 4 chif ou a. Tcheke plak veyikil la anvan w monte.
- Lè sèvis la fini, peye l kach, peze Sèvis la fini, epi ba li yon nòt.
Ou ofri yon sèvis (Founisè)
- Peze Mwen bay sèvis, epi kreye kont ou ak nimewo telefòn ou ak non ou.
- Chwazi sèvis ou ofri a, mete non konplè ou, epi peze Anrejistre. Se tout sa w bezwen pou kòmanse.
- Anvan premye travay ou, mete foto figi ou, epi si w gen yon veyikil: mak, ane, koulè, plak, foto lisans ou ak foto asirans veyikil la. Lis « Anvan premye travay ou » a montre w sa ki rete.
- Administrasyon Ray verifye pyès ou yo. W ap resevwa yon notifikasyon lè kont ou verifye.
- Nan tab Demann, peze Mwen disponib. Demann ki toupre w yo ap parèt nan kare ble a, epi w ap resevwa yon notifikasyon pou chak nouvo demann. Pou chanje enfòmasyon ou, ale nan tab Pwofil ak sèvis.
- Bay pri pa w, diskite ak kliyan an. Lè nou dakò, peze M ap vini epi kite Ray louvri: kliyan an ap wè lè w nan mwatye wout.
- Lè w rive, peze M rive, mande kliyan an kòd 4 chif li a epi antre l. Lè sèvis la fini, peze Sèvis la fini.
Kesyon moun poze souvan
Konbyen Ray koute?
Pou kliyan yo, Ray gratis, tout tan: ou peye founisè a sèlman, kach, pri nou te dakò a. Pou founisè yo, Ray mande founisè a yon ti kontribisyon 100 goud chak 5 sèvis ki fini, ak MonCash.
Èske Ray fikse pri yo?
Non. Kliyan an ak founisè a diskite pri a nan chat la. Lè youn nan yo di « Dakò » oswa « Pa gen pwoblèm », pri a parèt ak yon bouton Aksepte pou lòt la konfime.
Kijan pou m enstale Ray sou telefòn mwen?
Android: louvri sit la nan Chrome, epi peze Enstale oswa meni ⋮ → Ajoute sou ekran dakèy.
iPhone: louvri sit la nan Safari, peze Pataje, epi Ajoute sou ekran dakèy.
Ou pa bezwen Play Store ni App Store.
Mwen pa resevwa notifikasyon. Kisa pou m fè?
Louvri Ray epi peze Aktive notifikasyon. Sou iPhone, ou dwe enstale Ray sou ekran dakèy la anvan (iOS 16.4 oswa pi nouvo). Si notifikasyon yo bloke, ale nan paramèt telefòn nan → Notifikasyon → Ray.
Sou iPhone, li di m limen lokalizasyon, men li deja limen.
Sou iPhone, Safari gen pwòp pèmisyon pa l pou sit yo. 1. Ale nan Settings (Réglages) → Privacy & Security → Location Services: li dwe limen. 2. Nan menm paj la, desann jwenn Safari Websites epi chwazi While Using the App. 3. Retounen nan Ray epi eseye ankò; si Safari mande w, peze Allow. Si sa pa ase: nan Safari, peze aA bò adrès la → Website Settings → Location → Allow.
Mwen bliye modpas mwen.
Peze M bliye modpas mwen, antre nimewo ou ak kòd rekiperasyon nou te ba ou lè w te kreye kont ou a, epi chwazi yon nouvo modpas. Si w pèdi kòd la tou, kontakte administrasyon an: l ap verifye se ou menm, epi l ap ba w yon nouvo kòd.
Kijan pou m efase kont mwen?
Ale nan Kont ou → Efase kont mwen, epi antre modpas ou. Nou retire non ou, nimewo ou, foto ou ak dokiman ou yo. Ou pa ka efase kont ou pandan yon sèvis ap fèt oswa si w gen yon kontribisyon ki poko bay.
Èske m ka konnen a ki distans founisè a ye?
Wi. Nan lis repons yo ak sou pwofil founisè a, ou wè a konbyen kilomèt li ye de ou. Lè l ap vini chèche w, ou wè distans lan tou.
Èske m ka wè ki moun founisè a ye anvan m pale avè l?
Wi. Lè w peze yon founisè nan lis repons yo, pwofil li louvri anvan chat la: gwo foto l, non konplè l, nòt li, kantite sèvis li fè, sa lòt kliyan di sou li, ak mak, ane ak koulè veyikil li. Ou chwazi si w vle pale avè l oswa chwazi yon lòt. Ou ap wè plak la lè nou fin dakò sou pri a.
Poukisa founisè a dwe mete foto l ak lisans li?
Pou sekirite kliyan yo. Administrasyon an verifye foto a, non an ak lisans lan anvan founisè a ka resevwa demann. Kliyan an wè non konplè founisè a ak foto l anvan l menm pale avè l, epi plak veyikil la lè yo fin dakò sou pri a.
Kijan pou m fè fanmi m konnen ak ki moun mwen ye?
Pandan sèvis la, peze Pataje ak fanmi m. Voye lyen an pa WhatsApp oswa mesaj. Moun nan ap wè non chofè a, foto l, veyikil la ak plak la, kote w prale, ak etap yo (li pati, mwatye wout, li rive). Lyen an sispann mache 3 è apre sèvis la fini.
Sa k pase si gen yon pwoblèm?
Pandan oswa apre sèvis la, peze Gen yon pwoblèm. Ou ka peze Siyale moun sa a tou si yon moun pa respekte w. Administrasyon an gade chak siyalman, epi li ka bloke kont moun ki pa respekte règ yo.
Èske Ray se yon anbilans?
Non. Pou yon ijans grav, rele sèvis ijans yo tou. Ray ka ede w jwenn yon moun ki toupre pou mennen yon moun lopital.
Kondisyon itilizasyon ak vi prive · Retounen nan paj Akèy la