Kondisyon itilizasyon ak règleman sou vi prive
Vèsyon 2 novanm 2026 (3) · Sursum Technologies, Ayiti
Kondisyon itilizasyon
1. Kisa Ray ye
Ray se yon aplikasyon Sursum Technologies fè, ki mete moun ki bezwen yon sèvis (kliyan) an kontak ak moun ki ofri sèvis sa a (founisè): transpò ak moto, vwati, kamyon, livrezon dlo, kwafè, plonbye, elektrisyen, ak lòt sèvis.
- Ray pa bay sèvis yo li menm. Se founisè a ki bay sèvis la, sou pwòp responsablite pa l.
- Founisè yo pa anplwaye Ray. Yo travay pou tèt yo.
- Ray pa fikse pri yo. Kliyan an ak founisè a diskite pri a epi dakò sou li nan chat la.
- Kliyan an peye founisè a kach, dirèkteman. Ray pa touche lajan sèvis la.
2. Kont ou
- Pou kreye yon kont, ou dwe gen omwen 18 an.
- Bay vrè non ou ak yon nimewo telefòn ki pou ou.
- Kenbe modpas ou ak kòd rekiperasyon ou an sekirite. Pa bay pèsonn yo, menm moun ki di yo travay pou Ray. Ray p ap janm mande w yo.
- Ou responsab tout sa ki fèt ak kont ou.
- Yon kont pou chak moun. Ou ka sèvi ak li kòm kliyan, kòm founisè, oswa toude.
3. Founisè yo
- Founisè a dwe bay non konplè li ak yon foto figi li ki klè. Chofè yo dwe bay tou enfòmasyon sou veyikil yo, yon foto lisans yo ak yon foto asirans veyikil la.
- Dokiman yo dwe vre epi valab. Founisè a dwe respekte lwa peyi a: lisans, asirans, eta veyikil la, règ sikilasyon.
- Administrasyon Ray verifye dokiman yo anvan yon founisè ka resevwa demann. Verifikasyon sa a pa yon garanti sou fason founisè a ap travay.
- Founisè a dwe bay sèvis la jan li te dakò ak kliyan an, pou pri yo te dakò a.
4. Kliyan yo
- Bay bon enfòmasyon sou sa w bezwen ak sou adrès yo.
- Peye founisè a pri nou te dakò a, kach.
- Bay founisè a kòd 4 chif ou a sèlman lè l rive bò kote w.
- Pou yon ijans grav, rele sèvis ijans yo tou. Ray pa yon sèvis anbilans.
5. Kontribisyon Ray
- Kliyan yo pa peye Ray. Aplikasyon an gratis pou moun k ap mande sèvis. Yo peye founisè a sèlman, pri yo te dakò a.
- Ray mande founisè yo yon ti kontribisyon (100 goud kounye a) chak 5 sèvis ki fini, ak MonCash, depi premye sèvis yo.
- Toutotan kontribisyon an pa bay, founisè a pa ka resevwa nouvo demann.
- Kontribisyon ki bay yo pa ranbouse, eksepte si gen yon erè. Si w peye de fwa, dezyèm peman an ap konte pou pwochen kontribisyon an.
- Ray ka chanje montan kontribisyon an, kantite sèvis yo oswa ofri jou gratis. N ap avèti w nan aplikasyon an anvan.
6. Sa ki entèdi
- Bay fo enfòmasyon oswa fo dokiman.
- Joure, menase, twonpe oswa fè yon moun mal.
- Mande plis lajan pase pri nou te dakò a.
- Sèvi ak Ray pou yon bagay ki kont lalwa.
- Eseye antre nan kont yon lòt moun, oswa fè aplikasyon an mal fonksyone.
7. Siyalman, nòt ak blokaj
Apre chak sèvis, kliyan an ak founisè a ka bay youn lòt yon nòt (1 a 5 zetwal). Ou ka siyale yon moun ki pa respekte kondisyon sa yo. Administrasyon an gade siyalman yo, epi li ka bloke yon kont ki pa respekte règ yo.
8. Responsablite
Ray fè tout sa l kapab pou aplikasyon an mache byen epi pou founisè yo serye. Men, kòm se founisè yo ki bay sèvis yo, Ray pa responsab pou pwoblèm ki rive pandan yon sèvis, pou kalite sèvis la, ni pou yon dezakò sou lajan ant kliyan an ak founisè a. Si gen yon pwoblèm, siyale l nan aplikasyon an: n ap ede w jan nou kapab.
9. Chanjman
Nou ka chanje kondisyon sa yo. Lè sa rive, aplikasyon an ap mande w li epi aksepte nouvo vèsyon an anvan ou kontinye.
Règleman sou vi prive
1. Enfòmasyon nou kenbe
- Kont ou: nimewo telefòn, non ou, modpas ou ak kòd rekiperasyon ou. Nou kenbe modpas la ak kòd la kode: pèsonn pa ka li yo, menm nou menm.
- Founisè: non konplè, foto figi, sèvis ou ofri yo, enfòmasyon sou veyikil la (mak, ane, koulè, plak), foto lisans ak foto asirans.
- Pozisyon ou (GPS): lè w fè yon demann, ak pandan w disponib kòm founisè, pou nou jwenn moun ki toupre. Pandan founisè a ap vini, telefòn li voye pozisyon l chak 20 segonn konsa, pou kliyan an konnen lè l nan mwatye wout. Nou kenbe sèlman dènye distans la, pa chemen li fè a.
- Demann ak sèvis yo: sa w bezwen, adrès yo, mesaj chat yo, pri yo, nòt yo ak siyalman yo.
- Kijan w sèvi ak aplikasyon an: ki paj ou louvri ak ki bouton ou peze, ak ki kalite telefòn (iPhone, Android). Telefòn ou gen yon nimewo alevwa pou sa; nou pa sere nimewo telefòn ou ni pozisyon ou ladan l. Nou efase enfòmasyon sa yo apre 180 jou.
- Peman kontribisyon yo (MonCash): montan an, dat la, nimewo tranzaksyon an. Nou pa janm wè kòd sekrè MonCash ou.
2. Poukisa nou sèvi ak yo
- Pou mete kliyan ak founisè an kontak, epi pou sèvis la fèt.
- Pou verifye founisè yo epi pwoteje kliyan yo.
- Pou voye notifikasyon sou sèvis ou yo.
- Pou kalkile kontribisyon yo, epi pou rezoud pwoblèm ak siyalman.
- Pou konnen kijan aplikasyon an itilize (chif an jeneral), pou nou amelyore l.
Nou pa vann enfòmasyon ou yo, epi nou pa ba yo pèsonn pou piblisite.
3. Kiyès ki wè kisa
- Kliyan an wè non konplè founisè a, foto l, nòt li, sa lòt kliyan di sou li, ak mak, ane ak koulè veyikil la, depi founisè a reponn demann lan. Lè nou fin dakò sou pri a, li wè plak la ak nimewo telefòn founisè a.
- Founisè a wè non kliyan an, foto l si l mete youn, zòn li ak kote l prale. Lè nou fin dakò sou pri a, li wè ri a ak nimewo telefòn kliyan an.
- Fanmi ou, si w pataje lyen sèvis la ak yo: yo wè non founisè a, foto l, veyikil la ak plak la, zòn ou ak kote w prale. Lyen an sispann mache 3 è apre sèvis la fini.
- Administrasyon Ray wè dokiman founisè yo pou verifye yo, ak enfòmasyon ki nesesè pou rezoud yon pwoblèm.
- Nou ka bay enfòmasyon si lalwa oswa yon otorite jidisyè mande l.
4. Kote enfòmasyon yo ye ak konbyen tan nou kenbe yo
Enfòmasyon yo sere sou sèvè an sekirite (Supabase), ki ka andeyò Ayiti. Nou kenbe yo toutotan kont ou egziste. Si w mande nou efase kont ou, n ap efase oswa anonimize enfòmasyon ou yo, eksepte sa lalwa oblije nou kenbe (pa egzanp peman yo).
5. Dwa ou
Ou ka mande pou w wè enfòmasyon nou genyen sou ou oswa pou korije yo: sèvi ak bouton « Ekri administrasyon an » nan aplikasyon an. Pou efase kont ou, ale nan Kont ou → Efase kont mwen. Nou retire non ou, nimewo ou, foto ou ak dokiman ou yo. Sèvis ki te fèt yo rete nan istwa a san non ou. Ou pa ka efase kont ou pandan yon sèvis ap fèt oswa si w gen yon kontribisyon ki poko bay.
6. Notifikasyon
Notifikasyon yo voye sèlman si w pèmèt yo. Ou ka fèmen yo nenpòt ki lè nan paramèt telefòn ou.
7. Kontak
Sursum Technologies · Ayiti. Pou nenpòt kesyon: bouton « Ekri administrasyon an » nan aplikasyon an.